Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l' toupatou. Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo. Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo. Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo. Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li. Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego. Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo. Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l' te ale avè l'. Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m'. Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l': -Pandan dis jou ban nou legim ase pou n' manje ak dlo pou nou bwè. Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè. Gad la dakò pou l' ba yo yon chans pandan dis jou. Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a. Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito. Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv. Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza. Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t' jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a. Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a. Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.