Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a. Douz apòt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n' al okipe sèvis manje a. Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fè sèvis sa a. Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a. Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo. Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la. Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la. Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn. Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li. Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye. Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la. Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la. Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo. Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.