Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen. Lè yo tande l' ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye. Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m' rete konsa yon gwo limyè soti nan syèl la, li klere tout kote m' te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m' fè, Seyè? Seyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas. Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil. Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li. Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande. Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave. Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an. Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo. Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo. Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò! Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè. Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa. Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal? Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi. Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi. Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn. Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.