Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou. Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m' anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè. Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan. Seyè a fè m' gen konfyans nan nou: li ban m' lasirans n'ap fè sa m' te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l' tou. Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou. Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou. Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn. Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis. M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou. Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen. Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont. Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè. Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout. Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri. Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.