Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze. Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou. Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa. Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou. Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa. La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an. Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a. Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an. Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye. Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.