Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal. Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl. Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò! Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko. Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò. Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò. Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye. Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: —Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: —Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a. Eli di li: —Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li. Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon. Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: —Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso. Lèfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe. Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a. Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'. Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'. Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: —Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li. Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: —Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale! Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: —Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen. Elize di yo: —Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize. Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: —Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen. Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l' la. Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: —Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv! Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo. Apre sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.