Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'. Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo. Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a. Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan. Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a. Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan. Prèt yo dakò pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pèp la ankò, lèfini pou yo pa reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan. Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan. Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak. Lè yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmèt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t'ap fè travay nan Tanp lan, bòs mason yo ak moun k'ap taye wòch yo. Yo achte bwa ak gwo wòch taye pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Se yo menm ki te fè tout kalite depans pou sa. Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fè gwo basin an ajan, kouto, bòl ak twonpèt yo, ni ankenn lòt bagay an lò osinon an ajan. Yo te renmèt tout lajan an bay moun ki te reskonsab travay yo pou yo te ka sèvi avè l' pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye. Yo pa t' mete lajan ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal ak lajan ofrann moun fè pou peche yo fè san yo pa konnen nan bwat Tanp Seyè a. Se pou prèt yo li te ye. Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm. Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò. Tout rès istwa Joas ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo. Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a. Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.