Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou, paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen. Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou. Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an. Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti. Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun. Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal. Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè? Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an. Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal. Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò. Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo. Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a. Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò, ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.