Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj. Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt. Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon. Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li. Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi. Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont. Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo. Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a. Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou. Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou. Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo. Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf. Soumèt devan majistra yo, paske wa a voye yo pou peni tout moun k'ap fè mal, pou fè lwanj tout moun k'ap fè byen. Paske, Bondye vle pou n' fè sa ki byen, pou n' ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann. Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye. Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a. Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou. Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle. Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye. Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li. Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri. Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou. Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.