Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon. Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la. Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li. Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li. Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè. Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an. Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li. Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye. Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida. Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a: -Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra. Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim. Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab. Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab. Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape. Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li. Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo. Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.