Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l'. Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, y' al jwenn Woboram, yo di l' konsa: -Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale. Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li. Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou. Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy. Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a. Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre. Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo. Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a. Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la. Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l' al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l' mete yo anba lòd li ankò. Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo: Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a. Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl. Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò. Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò. Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann. Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo. Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.