Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo. Yo pa t' koute Seyè a. Yo pa t' pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t' mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t' vin mande Bondye yo a konsèy ankò. Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten. Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle. Men Seyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo. Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo. Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal. Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè. Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'. Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen. Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an. Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon. Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè. Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou! Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò! Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje! Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an. Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo. Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.