Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou? Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo. Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan. Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa. Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè. Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a. Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'. Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'. Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou. Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'. Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total. Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'. Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten. Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la. Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la. Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li. Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo. Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.