Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a, pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi. M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil. Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè, m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri, m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m' la nan prizon an. Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen. M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen. M' ta byen renmen kenbe l' bò kote m', pou l' te ka sèvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvèl la. Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li. Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan. Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a. Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen. Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen. Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi. Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li. Se paske mwen konnen w'ap fè sa m' mande ou la ki fè m' ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m' mande ou la. An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, mkwè Bondye va tande nou, la fè m' favè vin jwenn nou ankò. Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou. Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou. Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.
Filemon 1
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.