Men mesaj Bondye te bay sou lavil Niniv. Men liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a. Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè. Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve. Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen. Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li. Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li. Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li. Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l' yo jouk li fini ak yo. Kisa n'ap konplote konsa sou do Seyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l' yon lòt fwa ankò. Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch. Yon nonm soti lavil Niniv. Li gen yon bann move lide nan tèt li, l'ap fè konplo sou do Seyè a. Men sa Seyè a di pèp li a: -Moun peyi Lasiri yo te mèt anpil, yo te mèt gwonèg, y'ap mouri, y'ap disparèt. Mwen te fè nou soufri. Men, mwen p'ap fè nou sa ankò! Koulye a, mwen pral kraze pouvwa peyi Lasiri k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo. Men lòd Seyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: -Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò! Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.