Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a. Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la. Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Seyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman. Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif. Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt. Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. N'ap mande m' sa pou nou fè pou nou tounen vin jwenn mwen? Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'. Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite. Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa? Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Seyè a mande, pou li fè Seyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal? Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo. Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'. Seyè a di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m' aji a, se moun pa m' nèt y'ap ye. m'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l' k'ap sèvi l'. Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.