Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye! Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo. Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo. Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule. N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo. Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri. Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè. Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo. Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a. Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife. Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo. Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo. Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa. Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò. Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou! Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou. Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye, paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la. Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba. Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò! Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non! Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.