Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo. Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami. Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan. Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi. Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon. Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'. Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo. Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a. Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn. Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo. Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo, moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a? Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka! Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a! Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn. Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa. Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.