Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri. Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite. Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo. Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo. Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo. Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal. Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou. Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo. Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye. Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt. Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan. Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo. L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li. Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo. Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan. Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen. Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo. Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete. Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li. Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
Jid 1
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.