Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen. Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen. Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire. Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a. Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou. Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò. Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo. Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo. Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo. Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale. (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen. Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la? Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li? Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen. Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite. Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.