Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo. Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a? Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou. Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an! Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou. Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a? Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: -Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò. Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou. Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou! Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt. Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an. Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre. M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou. Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m'. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò. Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon. Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason. M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble. Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.