Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la: -Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Seyè a! Se poutèt sa, men mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la. Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze? Bon. Koulye a, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan. Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a! Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa. Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo. Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse. Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante. Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a. Epi, Aje, mesaje Seyè a, bay pèp la yon lòt mesaj Seyè a te ba li. Li di yo: -Seyè a fè nou konnen li la avèk nou. Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, jou ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.