Men lapriyè pwofèt Abakouk te fè pou li plenyen sò li bay Bondye. -Seyè! Mwen tande tou sa ou te di. M' sezi, m'ap tranble nan tout kò m'. Seyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, koulye a, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou! Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè. Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li. Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'. Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'. Mwen wè moun peyi Letiopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè. Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Seyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nwaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a? Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri. Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo. Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò. Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou. Ou soti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt. Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a. Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen. Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo. Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo, mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan. Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.