Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo. Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo. Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri. Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo. Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè. Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan. Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye. Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an. Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt. Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l' yo ak tout regleman l' yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt. Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò. Wi, Kris la te vini, li anonse bon nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye. Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a. Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a. Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a. Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.