Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an. Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou. Mwen pa t' manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m' jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a. Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a. Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l' byen. Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l' la. Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye. Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a. Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a. Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la. Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye. Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite. Mwen gen anpil bagay pou m' ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank. (14-15) Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m' yo yon bonjou apa pou mwen.
3 Jan 1
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.