Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri: Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale. Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre. Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye. Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/. Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou. Fè posib ou vin jwenn mwen touswit. Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi. Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la. Mwen voye Tichik lavil Efèz. Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l' pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo. Aleksann, bòs fòjon an, fè m' anpil tò. Seyè a va ba l' sa l' merite dapre sa l' fè a. Pran prekosyon ou avè l', ou menm tou. Paske li pa t' vle tande sa n'ap di a menm. pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa. Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an. Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn. Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo. Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad. Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou. Mwen mande Seyè a pou l' toujou la avèk ou. benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.