Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou. Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen. Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa. Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an. Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman. Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la. Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo. Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt. Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.
2 Jan 1
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.