Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a. Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt. Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye. Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman. Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.